5 Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen; pèlen lanmò yo te parèt devan m.
5 (6) Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m vire, mwen wè lanmò devan m.
Kòd lanmò yo te antoure m, e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen. Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt. Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.
Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon; Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.
Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran, e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.
Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.
Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.