36 Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m, epi pye m pa t janm chape.
36 (37) Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.
Ou elaji pla pye mwen anba m, e pye m pa janm chape.
Gran pa dyanm li yo vin kout, e pwòp manèv li a vin desann li.
Wi, anverite Li t ap mennen ou lwen bouch gwo twoub la, pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit. Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.
Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo, va desann jis nan fon latè.
Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen; epi si ou kouri, ou p ap glise tonbe.
Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
“Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!