Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob? “Èske Lespri SENYÈ a pa an kolè? Èske bagay sa yo se zèv pa Li? Èske pawòl Mwen yo pa fè byen pou sila k ap mache dwat la?”
Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tou tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo.