Josias te retire tout abominasyon soti nan tout peyi ki te apatyen a fis Israël yo e te fè tout moun ki te prezan an Israël yo sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a. Pandan tout lavi li, yo pa t detounen nan swiv SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
Wa a te vrèman kontan e te pase lòd pou Daniel ta retire nan fòs la. Konsa, Daniel te vin retire nan fòs la e okenn blesi pa t menm twouve sou li, akoz li te mete konfyans nan Bondye li a.
Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.
“Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.