19 Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj. Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.
19 (20) Li wete m nan move pa a. Li delivre m paske li renmen mwen.
Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou pou mete ou sou twòn Israël la. Akoz SENYÈ a te renmen Israël pou tout tan, se pou sa Li te fè ou wa, pou fè lajistis avèk ladwati.”
Wi, anverite Li t ap mennen ou lwen bouch gwo twoub la, pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit. Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a; SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.
Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m, epi pye m pa t janm chape.
Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an. Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.
Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a. Konsa, Li pran plezi nan chemen li.
Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, sòti deyò gwo ma ajil la. Li te mete pye m sou wòch la e te fè m kanpe byen fèm.