Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 18:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Li te delivre mwen nan men advèsè mwen byen fò; de sila yo ki te rayi mwen yo, paske yo te twò fò pou mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 (18) Li delivre m anba gwo lènmi m yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m epi ki te pi fò pase m.

参见章节 复制




Sòm 18:17
16 交叉引用  

David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül.


Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò, Soti nan sila ki te rayi mwen yo. Paske yo te twò fò pou mwen.


Kòlè Li fin chire mwen e chase m jis atè, Li te modi blese m ak dan L. Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.


SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo; Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.


Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub, Ou va fè m reprann mwen. Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo. Men dwat Ou va sove mwen.


“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, paske yo twò fò pou mwen.


Lonje men Ou soti anwo. Fè m sekou! Delivre m sòti nan gwo dlo yo, nan men etranje yo ak


Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil. Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.


Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm? Kilès ki delivre aflije yo nan men a sila ki twò fò pou li yo? Wi, ak aflije e malere yo k ap soti nan men a sila menm k ap vòlè yo?”


Men lènmi m yo plen kouraj e fò. Yo anpil ki rayi mwen san koz.


Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,


“Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’


跟着我们:

广告


广告