5 Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la. Pye mwen pat janm glise.
5 Se nan chemen ou yo mwen toujou mache. Se yo menm mwen swiv nèt ale.
Pye m te kenbe fèm a pa Li. Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.
Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou, e pa kite inikite vin domine sou mwen.
Li p ap kite pye ou chape. Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.
SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal. Li va kenbe nanm ou.
Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m, epi pye m pa t janm chape.
Mwen te kouri dèyè lènmi m yo, e mwen te pran yo. Mwen pa t fè bak jiskaske yo tout te fin manje nèt.
Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen. Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”
Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo pa t varye soti nan chemen Ou.
Si mwen ta di: “Pye m glise,” Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm, ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.
L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.