Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo. Mwen va divize richès yo. Volonte m kont yo va satisfè. Mwen va rale nepe mwen. Se men m k ap detwi yo.”
Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, tande ak zòrèy yo, konprann ak kè yo e retounen pou resevwa gerizon.”
Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò. Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo; otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
Paske kè a moun sa yo vin di. Zòrèy pa yo, yo manke tande. E yo fèmen zye yo; otreman pou yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo, konprann avèk kè yo, e retounen, pou Mwen ta geri yo.’
Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo,