Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 15:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotay sou vwazinay.

参见章节 复制




Sòm 15:3
16 交叉引用  

Mete moun k ap moke moun yo deyò, e diskisyon an prale tou; wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.


Tankou syèl la nan wotè a, ak tè a nan pwofondè a, se konsa kè a wa a ensondab.


A la beni nonm ki fè sa a beni, e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm; ki pa janm derespekte Saba a, e ki anpeche men l fè mal la.”


“‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an. Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.


Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.


Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo,


Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.


Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa lanmou toujou akonpli lalwa a.


pou pa di mal de pèsòn, men toujou pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.


Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li.


Zanmi mwen yo pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.


Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m.


跟着我们:

广告


广告