1 Louwe SENYÈ a! Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo! Louwe Li kote ki wo yo!
1 Lwanj pou Senyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!
Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo, nan tout kote nan wayòm Li an. Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Beni SENYÈ a! Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Kite syèl la avèk tè a louwe Li, lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.
Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ, ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.
Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.
Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana nan pi wo a!”