Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 147:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs. Bon konprann Li an san limit nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Senyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.

参见章节 复制




Sòm 147:5
17 交叉引用  

Paske gran se SENYÈ a, e gran pou resevwa lwanj yo. Anplis, fòk nou gen lakrent Li plis pase tout lòt dye yo.


Gade byen, Bondye pwisan, men li pa meprize pèsòn; Li pwisan nan fòs konprann pa Li.


Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran, e ke SENYÈ nou an pi wo ke tout dye yo.


Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. Grandè Li pa kab fin sonde menm.


Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, se mèvèy ke Ou te fè yo, ak panse Ou yo anvè nou. Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, yo ta vin twòp pou m ta kab konte.


Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.


Paske gran se SENYÈ a! Li merite gran lwanj. Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.


SENYÈ a gran nan Sion. Li leve wo anwo tout pèp yo.


Èske nou pa konnen? Èske nou pa tande? Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a, Kreyatè a dènye pwent latè a, pa konn fatige, ni bouke. Konprann pa Li depase tout bon konprann.


Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!


Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.


Daniel te di: “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan, paske sajès ak pouvwa se pou Li.


SENYÈ a lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li.


O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!


Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo, O Senyè, Bondye Toupwisan an! Jis e vrè, se chemen Ou yo, Wa a nasyon yo.


跟着我们:

广告


广告