18 Li voye pawòl Li pou fonn yo. Li fè van Li soufle e dlo yo koule.
18 Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou.
Soti nan souf Bondye, se glas ki fèt, e sifas dlo yo vin glasi.
Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la?
Li te voye pawòl Li pou te geri yo, pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.
Li voye lòd Li sou latè. Pawòl Li kouri byen vit.
Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.
Li te fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li, Li te dirije van sid la.