16 Li bay lanèj kon lenn. Li gaye lawouze glase kon sann.
16 Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti mòso glas sou tout pyebwa.
Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’, e a inondasyon lapli a, Li di: ‘Kontinye tonbe fò’.
Èske ou konn antre nan kay depo nèj yo, oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,
Nan ki vant manman a sila glas la te sòti? Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?
Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj, van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.
Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la, e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a, pou fè l donnen e boujonnen, pou fè l bay semans pou kiltivatè, ak pen pou sila k ap manje a;