7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
7 Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.
O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo, ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.
Delivre mwen de koupabilite san vèse a, O Bondye, Bondye a sali mwen an. Konsa, lang mwen va chante avèk jwa selon ladwati a Ou menm nan.
Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo. Ou menm ki te fè gwo bagay yo. O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?
Nan non Ou, yo rejwi tout lajounen, e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.
Mwen va pale de lanmou dous SENYÈ a, ak lwanj SENYÈ a. Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou, ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo, selon labondans konpasyon li, epi selon gran mizerikòd Li.
Nan jou Li yo, Juda va sove, e Israël va rete ansekirite. Men non pa sila yo va rele Li a: ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”