20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi
20 L'ap pwoteje tout moun ki renmen l. Men, l'ap detwi tout mechan yo.
Paske SENYÈ a konnen chemen a sila ki dwat yo, men chemen a mechan yo va disparèt.
Kite pechè yo vin disparèt sou tè a, E mechan yo vin pa la ankò. Beni SENYÈ a, O nanm mwen. Bay SENYÈ a lwanj!
O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo! SENYÈ a toujou prezève moun fidèl yo, e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.
Paske SENYÈ a renmen jistis, e li pa abandone fidèl li yo. Yo prezève pou tout tan, men mechan yo va vin koupe retire nèt.
Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo.
Ou te fè chatiman nasyon yo; Ou te detwi mechan yo; Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.
Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la! Li pwoteje nanm a fidèl Li yo. Li delivre yo nan men a mechan yo.
men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo.
“Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.
Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?
L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.