2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
2 Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
Konsa, li te kiteAsaph avèk fanmi li la devan lach akò SENYÈ a pou fè sèvis devan lach la tout tan, kon travay chak jou te egzije a;
Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou, akoz òdonans dwat Ou yo.
Mwen va beni SENYÈ a pandan mwen ap viv. Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an pandan mwen sou latè a.
Pa Ou menm, mwen te twouve soutyen depi lè m te fèt. Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m. Tout tan se Ou menm ke m louwe.
Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm. Moun va priye pou li san rete. Yo va beni li tout lajounen.
Chante a SENYÈ a! Beni non Li! Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an. “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo.