14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
14 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray.
Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.
SENYÈ a ouvri zye a avèg yo. SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo. SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt, paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.
Mwen fin koube nèt e bese anpil. Mwen ap fè doulè tout lajounen.
Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa? Epi poukisa ou twouble anndan m? Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.
Si mwen ta di: “Pye m glise,” Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.