6 Fè parèt eklè pou gaye yo. Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.
6 Voye flèch ou yo. Fè lènmi m yo gaye. Fè yo kouri ak kout zèklè.
Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.
Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl.
Flèch Ou yo filè. Tout nasyon yo tonbe anba Ou, epi flèch Ou yo lantre nan kè lènmi a Wa a.
Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.
Mwen va ogmante gwo pil malè sou yo. Mwen va depanse flèch Mwen sou yo.
M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, e nepe Mwen va devore chè avèk san a mò yo ak kaptif yo, k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’