Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 143:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m. Kè m nan gwo twoub anndan m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil.

参见章节 复制




Sòm 143:4
13 交叉引用  

Konsa, ou ta menm tire osò pou òfelen yo e fè twòk pou zanmi ou.


Koute lapriyè mwen, O SENYÈ! Epi kite kri sekou mwen rive bò kote Ou.


Nan lè sa a, dlo yo t ap fin anglouti nou nèt. Kouran dlo yo ta fin pase sou nanm nou.


Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.


Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen. Nanpwen moun ki pou fè m chape. Nanpwen moun ki pou pran swen m.


Vire vè mwen e fè m gras, paske mwen abandone e aflije.


Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen. Mwen etone jiskaske m debòde.


Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.


Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble. Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.


Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit. Mwen reflechi tout tan nan kè mwen. Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:


Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.


跟着我们:

广告


广告