Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 141:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.

参见章节 复制




Sòm 141:5
23 交叉引用  

Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”


Fè byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki dwat nan kè yo.


Ou ranje yon tab devan mwen nan prezans lènmi mwen yo. Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. Tas mwen fin debòde nèt.


Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion. Bati miray a Jérusalem yo.


Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt.


San konsèy, plan yo vin jennen; men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.


Yon moun ensanse refize disiplin a papa l; men sila ki aksepte repwòch gen sajès.


Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; repwòch a yon moun bon konprann, va fè l genyen konesans.


Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.


Paske kòmandman an se yon lanp, e enstriksyon li se limyè. Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a


Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo.


“‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.


Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,


Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


跟着我们:

广告


广告