Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 14:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Senyè a di: — Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!

参见章节 复制




Sòm 14:4
23 交叉引用  

‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li, e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’


Èske li va pran plezi nan Toupwisan an? Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?


Lè malfektè yo te rive sou mwen pou yo ta devore chè m, advèsè mwen yo ak lènmi m yo te chape tonbe.


Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo, ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo.


Yo pa konnen ni yo pa konprann. Yo mache toupatou nan fènwa. Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.


Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe ak machwè tankou kouto, ki prèt pou devore aflije sou fas tè yo, e fè moun malere yo disparèt pami moun.


Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.


pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.”


“Rasanble nou e vini. Rapwoche nou ansanm, nou menm, refijye a nasyon yo. Lòt yo pa gen konesans; sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou, e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.


Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz mank konesans yo; epi mesye ki gen onè yo rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.


Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. Tout zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, e inikite nou yo tankou van, pote nou ale.


Nanpwen moun ki rele non Ou, ki leve pou atache a Ou menm; paske Ou te kache figi Ou a nou menm e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.


Vide gwo kòlè Ou a sou nasyon ki pa konnen Ou yo ak sou fanmi ki pa rekonèt non Ou yo; paske yo te devore Jacob. Yo te devore li, manje l nèt e te devaste tout abitasyon li an.


Yo tout cho tankou yon fou. Yo manje jij yo. Tout wa yo fin tonbe. Nanpwen youn pami yo ki rele M.


Tande sa, nou menm k ap vale malere yo nèt, pou mete fen a tout pòv yo,


Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo.


Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.


跟着我们:

广告


广告