Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 138:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 (1b) Senyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!

参见章节 复制




Sòm 138:1
17 交叉引用  

Louwe SENYÈ a! Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m, Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.


Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo devan wa yo, e mwen p ap desi.


Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo. Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.


Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo.


Mwen te di: “Se dye ke nou ye, e nou tout se fis a Pi Wo a.


Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m; Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.


Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.


Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.


Paske gran se SENYÈ a! Li merite gran lwanj. Fòk Li resevwa krentif nou pi wo ke tout dye yo.


Ou pa pou modi Bondye, ni modi yon chèf pèp ou.


Paul te reponn: “Mwen pa t okouran, frè m yo, ke li te wo prèt la. Paske sa ekri: ‘Nou pa pou pale mal a yon chèf a pèp nou an’”.


Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans la osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans la osi.


Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a.


Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?


跟着我们:

广告


广告