Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 137:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen, Si m pa ta sonje ou, si m pa ta leve Jérusalem wo, pi wo ke pi gwo plezi m yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.

参见章节 复制




Sòm 137:6
11 交叉引用  

Vwa a moun pwisan yo te rete, e lang yo te kole anlè nan bouch yo.


alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li, e bra m kase soti nan zo li.


Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.


Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.


Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen; lang yo sèch ak swaf la. Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo. Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.


Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo, tèlman yo swaf; ti piti yo mande pen, men pèsòn pa kase bay yo.


Mwen va fè lang ou kole anlè bouch ou pou ou vin bèbè e pou ou p ap ka fè yo repwoch, paske lakay yo rebèl.


Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.


Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.


Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò.


跟着我们:

广告


广告