5 Si mwen ta bliye ou, O Jérusalem, kite men dwat mwen bliye kapasite li.
5 Si nou bliye ou, Jerizalèm. Se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.
Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl, jiskaske ladwati li vin parèt tankou gran limyè e sali li tankou yon tòch k ap brile.
Nou menm ki te chape anba nepe yo, sòti! Pa rete menm! Sonje SENYÈ a de lwen; kite Jérusalem parèt nan lespri ou.
Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”