Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen, paske mwen te pèdi pitit mwen yo, e mwen rete sèl, yon egzile e yon vwayajè? Konsa, se kilès ki te leve sila yo? Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’”
Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a, Ni yo p ap fè L plezi. Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò. Tout moun ki manje ladan va vin souye, paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo. Li p ap antre lakay SENYÈ a.