9 Lalin ak zetwal pou domine lannwit, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
9 Lalin ak zetwal pou klere lannwit. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo.
si mwen te gade solèy la lè l t ap brile, oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
Jou yo se pou Ou, anplis, nwit yo se pou Ou. Ou te prepare limyè a avèk solèy la.
Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo, lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li? Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
SENYÈ a ki bay solèy kon limyè nan lajounen e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè, ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde— SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di: