4 A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
4 Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan; mèvèy ki pa kab menm konte yo.
Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la! Li sèl ki fè mèvèy!
Paske Ou gran e fè zèv ki mèvèye. Se Ou sèl ki Bondye.
Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?
Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo, O Senyè, Bondye Toupwisan an! Jis e vrè, se chemen Ou yo, Wa a nasyon yo.