23 ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
23 Li pa te bliye nou lè nou te anba kou. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.
Li te prete atansyon a lapriyè malere yo, e pa t meprize priyè yo.
Li fè malere a leve sòti nan pousyè a e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo. Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, paske yo twò fò pou mwen.
Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.
Paske li te gade eta ba sèvant Li an; paske gade byen, soti nan moman sa a jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.
Li rale fè desann chèf yo sou twòn yo, e Li egzalte sila ki enb yo.
Paske SENYÈ a va jije pèp Li a. Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo, lè Li wè fòs yo fin disparèt, ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.