14 ki te fè Israël pase nan mitan li, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
14 Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch, Li te mennen yo pase nan fon yo, menm jan yo te pase nan dezè a.
Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann. Li te fè dlo yo kanpe wo tankou yon gwo pil.
Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo.