13 a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
13 Se li menm ki te fann lanmè wouj la fè de. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Ou te divize lanmè a ak fòs kouraj Ou. Ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann. Li te fè dlo yo kanpe wo tankou yon gwo pil.
Men fis Israël yo te mache sou tè sèch pase nan mitan lanmè a, e dlo a te vin tankou yon mi pou yo ni sou men dwat yo ni sou men goch yo.
Pa lafwa yo te travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt.