Nou va eritye teren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo.
Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.
Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo,