Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 134:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Gade byen! Beni SENYÈ a, tout sèvitè SENYÈ yo, Ki sèvi pandan lannwit lakay SENYÈ a!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 (1b) Nou tout k'ap sèvi Senyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l, ann fè lwanj Senyè a!

参见章节 复制




Sòm 134:1
32 交叉引用  

Konsa, yo menm avèk fis pa yo te responsab pòtay lakay SENYÈ a, lakay tant lan, kon gadyen.


Yo te pase nwit lan nan landwa lakay Bondye a, akoz yo te responsab veye nwit lan; epi yo te responsab ouvri li maten pa maten.


Alò, sila yo se te chantè yo a Levit yo, ki te rete nan chanm tanp yo, pwiske yo te angaje nan travay pa yo lajounen kon lannwit.


Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”


Anplis, kanpe nan lye sen an selon divizyon lakay papa zansèt nou yo ak frè nou yo ak selon Levit yo, pa divizyon lakay papa zansèt nou yo.


Anplis Bakbukia avèk Unni, frè pa yo ki te kanpe anfas yo nan divizyon sèvis yo.


Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo, nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.


Louwe SENYÈ a! Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo, Louwe non SENYÈ a.


Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen.


Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti?


Mwen te kontan lè yo te di mwen, “Annou ale lakay SENYÈ a.”


A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la!


Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, kite Israël di koulye a,


Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.


Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou sila ki fè rèv yo.


Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.


A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo.


“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen. Kite Israël di koulye a:


Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.


Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis pase gadyen k ap tann maten rive a. Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.


O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen.


Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,


Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!


A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou, Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.


Nan pòtay tant asanble a, anplis, nou va rete lajounen kon lannwit pandan sèt jou pou kenbe lòd SENYÈ a pou nou pa mouri: paske se konsa mwen resevwa lòd la.”


answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè.


Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.


Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”


Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an. “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo.


跟着我们:

广告


广告