1 Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!
1 (1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!
Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye.
Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”
Mwen te kontan lè yo te di mwen, “Annou ale lakay SENYÈ a.”
Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, kite Israël di koulye a,
O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen.
Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm.
Lou a va demere ak jèn mouton an, leyopa va kouche ak jèn kabrit la, jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a; epi yon tigason va mennen yo.
Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an, paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè a.
Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.
Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe.
Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lamou youn pou lòt.”
Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M.
Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman.
Kite lanmou pou frè yo kontinye.
Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.