“Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon.
Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".
“Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.