Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 132:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 SENYÈ a te sèmante a David anverite. Sou sila Li p ap fè bak: “Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Senyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fòtèy ou a.

参见章节 复制




Sòm 132:11
21 交叉引用  

Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li.


Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo.


Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”


Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’”


Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, papa m, sa ke Ou te pwomèt li a lè Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo veye chemen yo, pou mache devan Mwen menm jan ke ou te mache a.’


“Pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, sa ke ou te pwomèt li a. Ou te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo fè atansyon nan chemen yo, pou mache nan lalwa pa Mwen, jan ou te mache devan M nan.’


alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’


SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”


Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li, ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.


Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen, Mwen p ap manti a David.


Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan, temwen nan syèl la ki toujou fidèl.”


Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ, ansanm ak fidelite Ou nan asanble sen yo.


Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?


Li va gran e Li va rele Fis a Pi Wo a; epi Senyè Bondye a va bay Li twòn a zansèt Li a, David.


Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou fè youn nan desandan li yo chita sou twòn li an,


Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.


Anplis, Glwa Israël La p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.”


跟着我们:

广告


广告