“‘Sepandan, Mwen p ap pran tout wayòm nan sòti nan men l, men Mwen va fè li chèf pandan tout jou lavi li, pou koz David, ke Mwen te chwazi, ki te swiv kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo,
Sepandan, SENYÈ a pa t gen volonte pou detwi Juda, pou koz David, sèvitè li a, paske li te pwomèt li pou ba li toujou yon lanp a li menm pa fis li yo pou tout tan.