Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 132:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak tout soufrans li an,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 (1b) Senyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.

参见章节 复制




Sòm 132:1
20 交叉引用  

E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese.


Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen.


Mwen leve zye m vè mòn yo. Se kibò sekou mwen va sòti?


Mwen te kontan lè yo te di mwen, “Annou ale lakay SENYÈ a.”


A Ou menm, mwen leve zye mwen, O Ou menm ki chita sou twòn Ou nan syèl la!


Si se pa t SENYÈ a ki te pou nou, kite Israël di koulye a,


Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.


Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou sila ki fè rèv yo.


Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.


A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo, ki mache nan chemen Li yo.


“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen. Kite Israël di koulye a:


Soti nan pwofondè abim nan, mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.


O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans. Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè, ni nan sa ki twò wo pou mwen.


Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo, e padone tout peche mwen yo.


Konsa, Bondye te tande plent pa yo, epi Bondye te sonje akò Li avèk Abraham, Isaac, ak Jacob.


Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an; dlo absent ak anmetim ki nan kè m nan.


Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an. Gade pou wè repwòch nou.


跟着我们:

广告


广告