Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo.
SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li e pa men pwisan Li: “Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò kon manje pou lènmi ou yo; ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf pou sila ou te depanse fòs ou a.”
Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, sèvitè Mwen yo va manje, men nou va rete grangou. Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè, men nou va rete swaf. Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi, men nou va twouve gwo wont.
“SENYÈ a va fè nou ogmante an pwosperite, nan fwi zantray nou, nan fètilite bèt nou yo, ak nan pwodwi tè nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.
Yo va manje fwi a twoupo nou yo ak pwodwi a tè nou yo jiskaske nou fin detwi. Yo p ap kite anyen, ni diven nèf la, ni lwil, ni fwi a twoupo nou yo oswa bann mouton nou yo jiskaske yo fè nou mouri.
“SENYÈ a va kòmande benediksyon sou nou nan depo nou yo, nan tout bagay, depi nou mete men nou ladann. Li va beni nou nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an.