Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 126:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: — Senyè a fè anpil bèl bagay pou yo!

参见章节 复制




Sòm 126:2
21 交叉引用  

Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.


Lè tout lènmi nou yo te tande e tout nasyon ki antoure nou yo, te wè, yo te pèdi kouraj, paske yo te rekonèt ke travay sa a te fèt avèk èd Bondye pa nou an.


Jiska prezan, Li va ranpli bouch ou avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.


O ke sali Israël la ta sòti nan Sion! Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a, Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.


Delivre mwen de koupabilite san vèse a, O Bondye, Bondye a sali mwen an. Konsa, lang mwen va chante avèk jwa selon ladwati a Ou menm nan.


O ke delivrans Israël ta parèt sòti Sion! Lè Bondye restore pèp kaptif Li a, kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.


Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo. Ou menm ki te fè gwo bagay yo. O Bondye, se kilès ki tankou Ou menm?


Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.


Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen; vini ak gwo kri lajwa a Sion yo. Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo. Yo va jwenn kè kontan ak lajwa, e tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.


Paske konsa pale SENYÈ a: “Chante anlè ak kè kontan pou Jacob, e kriye fò pami chèf nasyon yo. Pwoklame, bay lwanj epi di: ‘O SENYÈ sove pèp Ou a, retay Israël la!’


vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.


Nan lè sa a, nasyon ki rete antoure nou yo va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te rebati pil mazi yo, e te plante sa ki te vin dezè a. Mwen menm, SENYÈ a, fin pale e Mwen va fè sa.”


Paske, nanpwen wanga kont Jacob, ni pa gen divinasyon kont Israël. Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, e a Israël de sa Bondye te fè a!


Paske si rejeksyon pa yo se rekonsilyasyon pou tout mond lan, kisa l ap ye menm lè yo vin aksepte, sof ke lavi k ap sòti nan lanmò.


跟着我们:

广告


广告