Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’”
Epi mwen te pwoklame yon jèn, akote rivyè Ahava a, pou nou ta kab imilye nou devan Bondye nou an pou chache soti nan Li, yon vwayaj sof pou nou, pitit nou yo ak tout byen nou yo.
Epi nou te vwayaje soti nan rivyè Ahava a nan douzyèm jou nan premye mwa a pou monte Jérusalem. Lamen Bondye nou an te sou nou, e Li te delivre nou soti nan men a lènmi yo, ak anbiskad nan chemen yo.