6 Solèy p ap frape ou lajounen, ni lalin pandan lannwit.
6 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
Yo p ap grangou, ni soufri swaf, ni solèy ki brile p ap frape yo; Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo e va gide yo rive nan sous dlo yo.
Lè solèy la te leve, Bondye te chwazi yon van lès byen cho, solèy la te bat tèt Jonas jiskaske li te vin fèb. Konsa, li t ap mande ak tout nanm li, e te di: “Lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”
“Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè;