2 Sekou m sòti nan SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.
2 Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.
Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a, Kreyatè syèl la ak tè a.
Sekou nou se nan non SENYÈ a, ki te fè syèl la ak tè a.
Bondye se pwotèj nou ak fòs nou, yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki soutni men dwat Ou, ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.
Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
Se destriksyon pa w, O Israël! Akoz ou kont Mwen, kont sekou ou.
pou nou di avèk konfyans: “Senyè a se soutyen mwen. Mwen p ap pè. Sa lòm ka fè m?”