2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, de lang ki plen manti yo.
2 Delivre m non, Senyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.
Fo temwen sovaj yo leve. Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.
Moun dwat yo va wè, va gen lakrent; yo va ri sou li epi di:
Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
Paske moun rich li yo plen vyolans. Rezidan li yo fè manti, e lang yo twonpe soti nan bouch yo.