SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.
Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.
SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”
“Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo. “Mwen va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo de sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a.