Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:96 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

96 Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon, men kòmandman Ou an vrèman vast. MEM

参见章节 复制

1998 Haïtienne

96 Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.

参见章节 复制




Sòm 119:96
23 交叉引用  

Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm.


Konsèy a Achitophel te konn bay nan jou sa yo te konsidere tankou si yon moun te mande konsèy a pawòl Bondye. Se te konsa tout konsèy Achitophel te ye pou David ak Absalom.


Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.


Joab te di: “Mwen p ap gaspiye tan avè w isit la.” Konsa, li te pran twa frenn nan men l e li te frennen fè yo pase sou kè Absalom pandan li te toujou vivan nan mitan bwadchenn nan.


Yo te pran Absalom, yo te jete li nan yon gwo twou vid nan mitan forè a e te monte sou li yon gwo pil wòch. Epi tout Israël te sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo.


“Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”


Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.


Anverite, nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche.


Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.


Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve.


men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.


Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche.


Li te kanpe e li te rele fò vè lame alinye Israël la, e li te di yo: “Poukisa nou vin alinye pou batay la? Èske mwen menm se pa yon Filisten e nou menm sèvitè a Saül? Chwazi yon mesye pou kont nou e kite li parèt kote mwen.


Li te gen yon fis ki te rele Saül, yon jennonm ki te byen bèl. Pa t gen yon moun ki te pi bèl pami fis Israël yo. Depi zepòl li monte, li te piwo pase tout moun nan pèp la.


跟着我们:

广告


广告