93 Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo, Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.
93 Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m lavi ankò.
Mwen va rejwi nan lòd Ou yo. Mwen p ap bliye pawòl Ou. GIMEL
Nanm mwen kole rèd nan pousyè a. Fè m leve selon pawòl Ou.
Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an, paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.
paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.