88 Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a, Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo. LAMEDH
88 Paske ou renmen m, ban m lavi ankò pou m ka swiv prensip ki sòti nan bouch ou.
Aji avèk sèvitè Ou selon lanmou dous Ou a e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
Mwen te kriye a Ou menm. Sove mwen! Mwen va obeyi tout regleman Ou yo.
Tande vwa m selon lanmou dous Ou a. Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.
Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo. Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.
A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo, Ki chache Li ak tout kè yo.
Nanm mwen kole rèd nan pousyè a. Fè m leve selon pawòl Ou.
Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo! Fè m remonte nan ladwati Ou. VAV
Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak temwayaj ke Mwen va enstwi yo, fis pa yo tou va chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”
Tout chemen Bondye se nan lanmou dous avèk verite pou sila ki kenbe akò Li yo ak temwayaj Li yo.
Paske Li te etabli yon temwayaj nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël, sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.