Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Sòm 119:87 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

87 Yo te prèske fin detwi m sou latè, Men pou mwen, mwen pa t kite òdonans Ou yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

87 Ti mòso yo touye m. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.

参见章节 复制




Sòm 119:87
10 交叉引用  

Alò, pou sa, voye vit pale David e di: ‘Pa pase nwit lan kote ki pou janbe dlo rive nan dezè a, men fè sèten ke nou janbe, oswa wa a avèk tout moun ki avèk li yo va vin detwi.’”


Moun awogan yo meprize m nèt, men mwen pa vire kite lalwa Ou.


Kòd a mechan yo te antoure m, men mwen pa t bliye lalwa Ou.


Malgre yo chache Mwen de jou an jou e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo, konsi se yon nasyon ki fè ladwati, e ki pa t abandone règleman a Bondye yo. Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis. Yo pran plezi nan pwoksimite Bondye a.


Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.


Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”


Gade byen, jan lavi ou te gen gwo valè nan zye m jodi a, konsa ke vi m ta ye nan men SENYÈ a. Ke li ta delivre mwen nan tout twoub.”


Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?”


跟着我们:

广告


广告