86 Tout kòmandman Ou yo fidèl. Se ak manti yo te pèsekite mwen. Fè m sekou!
86 Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m san rezon. Vin pote m sekou!
Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an. Sove mwen selon lanmou dous Ou a.
Pou sa, mwen konsidere byen tout òdonans Ou yo selon tout bagay. Mwen rayi tout sa ki fo. PE
Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati. Yo fidèl nèt.
Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.
Ke awogan yo kapab vin desi, paske yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti. Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo. Mwen kache nan Ou.
Lakrent SENYÈ a pi; Li dire jis pou tout tan. Jijman yo SENYÈ a vrè; Yo jis san manke.
Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen. San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.
Men lènmi m yo plen kouraj e fò. Yo anpil ki rayi mwen san koz.
Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize.
Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.
Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.