82 Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou, pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”
82 Je m yo fè m mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: — Kilè w'a vin konsole m?
Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou, avèk pawòl ladwati Ou.
Mwen fatige nèt ak kriye mwen an. Gòj mwen sèk nèt. Zye m varye pandan mwen ap tann Bondye mwen an.
Montre m yon sign bonte Ou, pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont. Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m sekou, e te konsole mwen.
Lespwa jennen fè kè a malad; men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
Mwen te di: “Mwen p ap wè SENYÈ a; SENYÈ nan peyi vivan yo. Mwen p ap wè moun ankò pami sila ki viv nan mond yo.
Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.
“Fis nou yo ak fi nou yo va bay a yon lòt pèp. Zye nou yo ap gade sou sa e anvi wè yo tout tan, men p ap gen anyen nou kapab fè.